The Advocate

Mendieta-Cuapio pale avèk Defansè Piblik Williams nan Port Authority. Ou ka wè yon drapo ameriken ki kwoke nan plafon an.

Akeyi “Nouvo” Nouyòkè Yo Avèk Diyite

January 9th, 2023

Yon antrevi avèk Òganizatè Kominotè a, Fabiola Mendieta-Cuapio

Read this post in English. Lea esta publicación en español.

Tou lòt jou la a, defansè nan tout mond lan te rekonèt 18 desanm kòm Jounen Entènasyonal Migran (International Migrants Day) yo, ki fè sansibilizasyon sou defi ak difikilte migrasyon entènasyonal la. Depi sezon ete sa a, Vil New York la te akeyi plizyè milye nouvo Nouyòkè, kote anpil ladan yo se moun k ap mande azil, ki rive nan Port Authority. Nouyòkè yo te travay san pran souf pou ofri èd ak yon santiman estabilite bay moun ki nan bezwen yo, apre yon vwayaj plen danje epi ki te penib.

Yon moun ki te sou teren an pou ede migran yo depi premye jou a se Fabiola Mendieta-Cuapio, Òganizatè Kominotè nan Biwo Defansè Piblik (Office of the Public Advocate) la. Mendieta-Cuapio te dirije efò èd mityèl pou nouri Nouyòkè ki grangou yo nan pik pandemi COVID-19 la, atravè Sipò Kominotè pou Imigran Brooklyn (Brooklyn Immigrant Community Support, BICS). Li travay tou pou mete fen ak vyolans nan lari avèk Families for Safe Streets epi li angaje tèt li pou li fè pwomosyon dwa moun popilasyon otoktòn yo ak dwa imigran yo.

Mendieta-Cuapio kapab kominike avèk migran yo nan lang Nawatèl, Panyòl ak Angle lè yo rive nan Vil New York la. Nou te mande l pou l pataje eksperyans li nan akeyi moun k ap mande azil yo epi nan asire ke yo resevwa sipò kontinyèl yo bezwen an.

Kisa w panse Nouyòkè yo ta dwe konnen sou sitiyasyon migran yo?

Anpil nan moun sa yo se bèl moun epi moun ki gen talan—avoka, kontab, kwafè, pwofesè ak plis toujou—k ap kouri pou vyolans. Si nou ka met tèt nou ansanm yon fason global, gen anpil bagay yo ka pote kòm kontribisyon. Yo jis bezwen yon plas.

Sa pa gen pou wè avèk pouvwa; sa gen pou wè ak ofri sèvis pou yo ka chape anba sistèm nan. Pafwa, ou jis bezwen yon bon sèk moun nan antouraj ou pou ede w soti nan sistèm nan, moun ki kwè ke w ka akonpli lontan plis epi k ap ba w zouti ak resous ou bezwen yo.

Kisa Vil la ka fè alavni pou asire ke nouvo Nouyòkè yo ka enstale tèt yo la a?

Gen anpil bagay. Vil la gen limit, paske se yon afè kapital—dola. Mwen pa panse ke gouvènman Federal la ap fè ase pou Vil la fè travay la. Pandan tan sa, Vil New York la dwe fè yon pi bon travay. Biwo nou an, Biwo Majistra a, ak kèk lòt ajans ap eseye travay ansanm, men nou bezwen plis moun sou teren an, pou pale ak moun yo yon fason endividyèl, pou pran nouvèl yo. Nou fè travay nou antanke founisè, men pafwa nou bliye ke anpil nan yo la a poukont yo. Nou dwe asire nou ke yo anfòm, espesyalman fanmi ki gen timoun yo ak paran selibatè yo. M ap toujou defann paran selibatè yo; se yon kòz ke mwen sansib pou li anpil.

Vil la ta dwe fè plis entèvansyon bòkote fanmi sa yo. Epitou, nou ka kreyatif. Vil New York la tèlman gaspiye manje chak jou; poukisa nou pa ta kontakte restoran lokal ki gen eksè manje yo pou nou ka ofri manje ki apwopriye ak kilti moun yo? Tèlman gen bagay nou ka fè pou nou rezoud pwoblèm ensekirite alimantè a.

Mendieta-Cuapio ak Defansè Piblik la poze avèk kèk defansè nan Port Authority dèyè yon tab resous Biwo Defansè Piblik la.

Kijan Nouyòkè yo ka ede migran yo ak moun k ap mande azil yo?

Sipòte efò èd mityèl yo epi fè benevola. Gen òganizasyon k ap konekte w ak fanmi yo, yon fason endividyèl. Ouvri kè w ak moun sa yo epi bay yo yon pati nan tan w. Pafwa moun yo vrèman bezwen yon souri, yon akolad, yon “Byenvini nan New York!” Mwen pale ak fanmi yo chak jou. Sa bay yon sansasyon ki fò lè w ebèje fanmi, voye kat, kontakte defansè yo, bay yon ti tan pou konekte epi tande istwa moun k ap mande azil yo pou w ka konprann poukisa yo kite lakay yo. Yo pa t gen chwa. Kounye a yo la a, men yo poukont yo epi yo te travèse yon kriz.

Nou dwe konnen ke gen minè ak jèn moun ki poko gen 21 lane ki fè pakou a poukont yo. Nou tèlman pa gen anpil resous pou yo, epi yo ka lage poukont yo. M ap pale ak jèn tifi chak jou ki gentan dezespere anpil. Yo pa gen manje, n ap eseye retire yo nan sistèm refij la epi yo paka jwenn travay. Nivo bezwen an rann yo vilnerab pou eksplwatasyon, poutèt pa gen anyen ki anplas pou yo. Vil la ap konsantre l sou fanmi yo ak timoun yo epi m pa panse nou fè ase pou jèn adilt yo. Nouyòkè yo ka ede jèn adilt sa yo pou asire yo ke yo pa lage poukont yo. Yo gen anpil bagay pou yo ofri vil nou an.

Anpil fonksyonè ki pase nan eleksyon nan Vil ak nan Eta New York ap fè yon travay ekstrawòdinè, tankou travay y ap fè avèk òganizasyon èd mityèl yo, men tout moun ka fè plis. Nouyòkè yo ta dwe kontakte fonksyonè yo ki pase nan eleksyon yo epi mande yo, avèk ki pwogram w ap travay yon fason patikilye? Mande, èske pwogram sa yo efikas epi èske w ka konekte m ak gwoup sa yo?

Anpil nan moun k ap mande azil yo soti Venezuela. Men nou dwe konsyan ke migran yo soti toupatou nan mond la. Gen moun ki soti Ayiti, Lwès Afrik la, ki gen ladan l Senegal, epi lòt kote. Nouyòkè ki pale diferan lang oswa ki gen koneksyon nan peyi sa yo ta dwe enplike tèt yo. Èd ou a p ap gen pri.

Anpil nan moun ki fèk rive yo ap eksperimante gwo pwoblèm sante mantal. Sa yo te pase ak sa y ap pase kounye a rèd anpil. Anplis sipò materyèl la, nou dwe rekonèt enpak sou sante mantal la. Jan Defansè Piblik la, Williams, te deklare tou lòt jou la a: "Apre lanmò yon dezyèm moun k ap mande azil ki te touye tèt li, epi nan previzyon yon lòt ogmantasyon nan kantite moun k ap rive yo, nou dwe egzamine fay ki genyen nan enfrastrikti sèvis nou an, espesyalman nan domèn sante mantal la, pou ede evite doulè alavni.”

Ki resous vital ke tout moun k ap rive nan Vil New York yo ta dwe konnen?

Imigran ki fèk rive yo ka jwenn anpil resous atravè Documented. Resous pou imigran sa yo disponib nan lang panyòl touDocumented NY te rasanble resous sa yo nan men òganizasyon èd mityèl ki sou teren an tankou BICS. Tout nouvo Nouyòkè ki bezwen èd ka kontakte Biwo Defansè Piblik la epi ekip nou an ap pataje enfòmasyon vital yo.


Antrevi avèk Òganizatè Kominotè a, Fabiola Mendieta-Cuapio, ke Mirielle Clifford, Estratèj Prensipal Medya Nimerik la, te reyalize nan dat 16 desanm 2022


Our Office

David N. Dinkins Municipal Building
1 Centre Street 15th Floor North
New York, NY 10007

Email: gethelp@advocate.nyc.gov

Hotline: (212) 669-7250

Fax: (888) 409-0287*

Text: (833) 933-1692

*Our fax number has changed temporarily while we upgrade our infrastructure
© 2024 Copyright: Office of the New York City Public Advocate
Privacy Policy