The Advocate

Immigrant justice advocates gather holding signs with messages like, "Nothing less than citizenship." A Batala drummer lifts her mallets

DC Day Of Action Demands: Kreyòl Ayisyen

April 18th, 2023

Aksyon Lejislatif:

Sipò pou Nouvo Vwazen nou yo

  • Akòde nouvo deziyasyon, renouvèlman deziyasyon, ak pwolongasyon Estati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status, TPS) pou imigran ki soti nan peyi k ap sibi konfli sekiritè, konfli politik, ak/oswa konfli ekonomik, katastwòf natirèl ak kriz sanitè.
  • Redwi peryòd datant aktyèl 180 jou pou otorizasyon travay la pou diminye akimilasyon dosye ki anreta yo pou moun k ap mande azil yo. Adopte Lwa sou Otorizasyon Travay pou Moun k ap Mande Azil (Asylum Seeker Work Authorization Act) (Rep. Pingree-ME).

Ranfòse Diyite, Nan Plas Detansyon

  • Sispann tout kontra avèk sant detansyon prive pou imigran yo, aboli detansyon obligatwa, mete fen ak detansyon familyal, epi entèdi detansyon solitè.
  • Adopte Lwa sou Nouvo Chimen pou Pi Devan an (The New Way Forward Act) (Rep. Garcia-IL) pou pwomouvwa diyite tout kominote imigran yo epi modifye lwa ki la deja yo ki dezavantaje imigran ki pa blan yo yon fason ki pa pwopòsyonèl.

Garanti Swen Sante kòm yon Dwa Imen

  • Elaji elijibilite pou swen sante ak aksè pou jwenn Medicaid, Pwogram Asirans Sante pou Timoun (Children's Health Insurance Program, CHIP), ak Echanj Asirans Sante Lwa sou Swen Abòdab (Affordable Care Act) pou benefisyè pwogram Aksyon Difere pou Moun ki Antre San Papye pandan Anfans yo (Deferred Action for Childhoold Arrivals, DACA) ak lòt imigran ki san papye yo. Asire ke ekspansyon sa a p ap gen yon enpak sou kapasite imigran yo genyen pou yo ajiste estati yo e pou yo vin sitwayen ameriken akòz règ chaj piblik la.

Adopte Refòm Global nan Imigrasyon nan ane 2023 a

  • Bay Dreamers yo (sa gen ladan, benefisyè DACA yo), benefisyè TPS ak benefisyè estati Depa Fòse Difere (Deferred Enforced Departure, DED) yon chimen pou yo jwenn rezidans pèmanan ak sitwayènte atravè ajisteman estati apati pwoteksyon tanporè yo.
  • Mete rejis imigran an ajou pou elaji chimen pou rezidans pèmanan an gras ak Renouvèlman Dispozisyon Imigrasyon yo nan Lwa Imigrasyon 1929 la (Renewing Immigration Provisions of the Immigration Act of 1929) (Rep. Lofgren-CA).
  • Elimine ka ki anreta onivo familyal ak onivo anplwa, rekipere viza ki pa sèvi yo, elimine tan datant ki long yo, ikonpri entèdiksyon 3 ak 10 lane pou re-antre a, epi ogmante limit plafon viza pou chak peyi a.

Finansman Pwogramatik ak Aksyon:

Ranfòse Divèsite Lengwistik Amerik la atravè Aksè nan Lang

  • Ogmante finansman pou aksesibilite lengwistik pou amelyore kalite sèvis asistans lengwistik oral ak ekri yo atravè ajans federal, eta, ak lokal yo epi satisfè bezwen lengwistik moun ki gen konpetans limite nan lang Anglè.

Ranfòse Entegrasyon, Edikasyon ak Estabilite Imigran yo

  • Founi finansman bay gouvènman etatik ak lokal yo, enstitisyon ak òganizasyon ki gen pwogram ki pwomouvwa entegrasyon ak enklizyon imigran, ranfòse pwogram pedagojik nan lang Anglè, epi founi resous bay moun k ap chèche vin rezidan pèmanan ak sitwayen ameriken. Adopte Nouvo Akò pou Nouvo Ameriken yo (New Deal for New Americans) (Sen. Markey-MA; Rep. Meng-NY).
  • Respekte Lwa sou Lojman Ekitab (Fair Housing Act) epi garanti ke aksè pou jwenn lojman disponib pou tout moun kèlkeswa estati imigrasyon yo; finanse aksyon etatik ak lokal yo pou diminye obstak nan elijibilite pou tout lokatè jwenn asistans pou lojman epi diminye diskriminasyon ki baze sou sous revni.

Pote Refòm nan Tribinal Imigrasyon yo

  • Founi yon finansman elaji pou founisè sèvis jiridik yo ak pwogram defans piblik yo, elaji pwogram jesyon ka familyal yo, diminye sou ka ki anreta yo nan tribinal imigrasyon yo, ogmante fòmasyon ak anbochaj pou jij imigrasyon yo, epi amelyore teknoloji a pou tribinal imigrasyon yo.

Elaji Kontribisyon Ekonomik ak Opòtinite: ITIN pou Tout Moun

  • Trete aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl (Individual Taxpayer Identification Number, ITIN) pi rapid grasa akseptasyon tretman elektwonik aplikasyon ITIN yo epi anboche plis Ajan Akseptasyon Sèvis Revni Entèn (Internal Revenue Service, IRS) otorize pou ede moun aplike pou ITIN yo, pèmèt moun ki pa gen Nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) gen posibilite pou yo ranpli deklarasyon enpo yo.

Nou rekonèt ke sa n ap mande yo, byenke nou prezante yo nan yon grenn paj, pa kouvri defason konplè pwofondè pwoblèm ki egziste nan sistèm imigrasyon aktyèl la. Sepandan, yo sèvi kòm pwen debaz pou nou pwomouvwa ak reyalize chanjman.


Our Office

David N. Dinkins Municipal Building
1 Centre Street 15th Floor North
New York, NY 10007

Email: gethelp@advocate.nyc.gov

Hotline: (212) 669-7250

Fax: (888) 409-0287*

Text: (833) 933-1692

*Our fax number has changed temporarily while we upgrade our infrastructure
© 2024 Copyright: Office of the New York City Public Advocate
Privacy Policy